Transfè Adrien Exama nan Miragwàn : Malantandi sou avni Jean Ernest Muscadin

Nan yon korespondans Ministè Lajistis ak Sekirite Piblik la adrese ak Responsab Pakè Miragwàn lan nan dat jedi 3 avril 2025 lan, li fè konnen Mèt Adrien Exama transfere kòm sibtiti komisè gouvènman prè Tribinal Premye Enstans Miragwàn lan.

Mèt Adrien Exama ki jodi a vini sibstiti komisè gouvènman prè Tribinal Premye Enstans Miragwàn lan te okipe menm pòs sila prè Tribinal Premye Enstans Aken an.

Nan menm lèt sa a, redaksyon nou an gen yon kopi de li, Ministè Jistis presize pou tout dispozisyon pran pou nouvo sibstiti a kab prete sèman. Sepandan, li pa pote presizyon sou rezon transfè sa a.

Korespondans sa a sisite kèk malantandi nan opinyon piblik la, paske anpil moun te fè kwè ke objektif la se te pou retire Jean Ernest Muscadin nan pòs Komisè Gouvènman nan pakè Miragwàn lan.

FHM

4 Comments

  1. Your blog is a testament to your dedication to your craft. Your commitment to excellence is evident in every aspect of your writing. Thank you for being such a positive influence in the online community.

  2. Excellent blog here! Also your web site loads up very fast! What web host are you using? Can I get your affiliate link to your host? I wish my website loaded up as fast as yours lol

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *