Nan yon seremoni ofisyèl FIFA te òganize jodi samdi 6 desanm 2025 la, enstans mondyal foutbòl la devwale kalandriye match yo pou Mondyal 2026 la. Nan sa ki gen pou wè ak nou, twa (3) gwo randevou ap tann Grenadye yo nan vil Boston, Filadèlfi ak Atlanta.


Kalandriye ofisyèl Koupdimond 2026 la pou seleksyon nasyonal la fikse. Grenadye yo pral fè premye aparisyon yo samdi 13 jen 2026, a 9 è nan aswè, kont peyi Ekòs nan Gillette Stadium, Boston, Etazini.
Dezyèm randevou a fikse pou vandredi 19 jen, toujou a 9 è nan aswè, kote Ayiti pral toke kòn ak Brezil nan Lincoln Financial Field, nan vil Filadèlfi.
Dènye match faz gwoup la ap jwe mèkredi 24 jen, a 6 è nan aswè, nan Mercedes-Benz Stadium, Atlanta, kote Grenadye yo ap fè fas ak Maròk.
FIFA, ki fikse tout match Ayiti yo sou tèritwa ameriken an, deja fè leve gwo deba nan kominote ayisyèn nan, akoz restriksyon administrasyon Donald Trump lan mete an aplikasyon. Men, malgre kontèks la, pèp ayisyen an kontinye rete mobilize pou seleksyon an : Grenadye Alaso !
FHM

Website Scam Penipu Indonesia, judi kontol anak lonte
QQ88 mang đến thế giới cá cược đẳng cấp với tốc độ xử lý siêu nhanh, trò chơi đa dạng và ưu đãi khủng mỗi ngày. Lựa chọn lý tưởng cho cược thủ. Tham gia QQ88 để khám phá hàng nghìn trò chơi hấp dẫn: casino live, thể thao, slot game và đá gà. Uy tín, minh bạch, nạp rút 24/7.
Great post! I’m going to share this with a friend.
Your advice is exactly what I needed right now.