Gen yon videyo ki ap sikile sou rezo sosyal yo konsènan yon swadizan pè ki rele “Esaüe” ki ta ansent yon jèn fi 17 lane nan twazyèm vil peyi a. Nan yon deklarasyon piblik, Pè Rock Faulet Zéphir, nan non Dyosèz Okay la, demanti enfòmasyon sa a epi mande piblik la pou fè prèv responsablite lè y ap pataje enfòmasyon sou entènèt la.


Pè Rock Faulet Zéphir, kire pawas Sen Jozèf nan Tòbèk, pwofite entèvansyon li pandan selebrasyon fèt Lapannkòt la, dimanch 24 me 2026 pase a, pou reyaji sou yon enfòmasyon ki t ap fè anpil bri sou rezo sosyal yo.
Pandan li t ap pale nan non Komisyon Kominikasyon Dyozèz Okay la, li fè konnen pa gen okenn pè ki rele “Esaüe” ki fè pati dyozèz la, kontrèman ak sa kèk piblikasyon sou entènèt la ta fè kwè.
Daprè Pè Rock Zéphir, Dyozèz Okay la, ki anba direksyon Kadinal Chibly Langlois, gen ladan l pè dyosezen ak pè relijye, men okenn ladan yo pa pote non “Esaüe”. Li ensiste pou di dyozèz la pa gen okenn lyen ak akizasyon k ap sikile sou rezo sosyal yo konsènan yon swadizan pè ki ta ansent yon adolesan 17 lane.
Kire a rekonèt tout sitwayen gen dwa denonse sa yo konsidere kòm move pratik oswa enjistis nan sosyete a. Men li raple enpòtans pou moun yo verifye enfòmasyon yo anvan yo pibliye oswa pataje yo. Daprè li, fo enfòmasyon kapab lakòz gwo domaj, ni pou enstitisyon yo, ni pou repitasyon moun ki enplike yo.
Pou rezon sa a, li mande moun ki te mete enfòmasyon an an sikilasyon an pou retire non Dyozèz Okay la nan dosye a, paske, selon li, enstitisyon an pa gen okenn rapò ak zafè sa a.
Nan deklarasyon li a, Pè Rock Zéphir fè konnen objektif demanti sa a se evite konfizyon nan mitan fidèl katolik yo, espesyalman sila ki nan rejyon Okay la.
FHM



Üsküdar Tavan Su Kaçağı Tespiti Parke altındaki gizli kaçak bulundu. https://profit.pakistantoday.com.pk