10 novanm 2022 : 4 lane apre, Kafoufèy ant trajedi ak rezistans sitwayen

Gen evènman ki kite gwo mak byen fon nan memwa yon kominote, non sèlman akoz vyolans ki te genyen yo, men sitou konsekans yo sou lavi plizyè milye moun. Pou popilasyon Kafoufèy la, ki se 2zyèm sikonskripsyon vil Pòtoprens, 10 novanm 2022 rete youn nan dat ki make yon gwo chòk nan istwa resan kominote sa a.

Moun nan Kafoufèy k ap kouri kite lakay yo akoz atak gang. © Odelyn Joseph / Associated Press

Jou sa, gwoup ame ki soti prensipalman Gran Ravin te lanse premye atak yo sou plizyè katye nan Kafoufèy, pami yo, Savann Pistach ak Dekayèt. Yo te atake sou-komisarya Savann Pistach la, boule kay, epi fòse anpil fanmi kite lakay yo.

La fimen tribò pabò, kay ap piye, plizyè fanmi te oblije abandone espas kote yo te pase plizyè ane ap konstui lavi yo. Pou anpil moun, se pa t sèlman yon kay yo te pèdi, men yon istwa, yon sous revni, yon anviwònman familyal ak yon pati nan idantite yo. Se konsa, yon popilasyon ki te gen abitid viv, travay, etidye ak evolye nan kominote li te vin oblije chèche refij lòt kote, anba menas ensekirite.

Atak 10 novanm 2022 a pa t yon epizòd izole. Li te make kòmansman yon peryòd kote presyon gwoup ame yo sou Kafoufèy ta pral kontinye ogmante. Malgre manifestasyon ak divès demach rezidan yo te fè pou mande Leta ranfòse sekirite nan zòn nan, sitiyasyon an te kontinye degrade.

Nan mwa me 2023, yon lòt atak te fèt, anvan yon nouvo gwo ofansiv gang Gran Ravin nan 13 dawout 2023, ki te lakòz yon lòt vag deplasman masif. Fevriye 2025, bandi san fwa ni lwa yo te pase a yon nivo pou met Kafoufèy konplètman ajenou.

Evènman sa a te vin agrave yon kriz imanitè ki te deja ap ravaje kominote a. Plizyè milye moun te oblije kite kay yo, abandone byen yo epi al chèche refij nan sant ak espas piblik nan lòt zòn nan kapital la.

Se nan kontinyite evènman sa yo nou dwe konprann trajedi Kafoufèy la. Se pa t yon sèl jou vyolans, men yon seri atak anbaje je otorite lokal yo ki te mete lavi yon popilasyon anba gwo menas. Deplasman fòse a pa t sèlman yon chanjman adrès. Se te yon gwo boulvèsman sosyal ak ekonomik. Anpil moun te pèdi byen yo, pandan lòt yo te oblije rekòmanse lavi yo nan kondisyon difisil.

Si atak gang yo te mete yon gwo pati nan popilasyon an ajenou, sa pa vle di tout kominote a te aksepte disparisyon espas lavi li san rezistans. Nan mitan dezolasyon an, gen yon lòt paj nan istwa Kafoufèy ki merite jwenn plas li : angajman jèn fanm ak jèn gason ki te deside òganize tèt yo pou defann kominote yo.

Jodi a, plizyè nan katye ki te anba menas ak enfliyans gang yo rive reprann espas yo. Pami zòn sa yo, nou kapab site Baryajou, Kanpèch, Siko, Tinèl, Janfilip ak Tè Blanch. Rekiperasyon espas sa yo reprezante yon avansman enpòtan pou kominote a, paske li fasilite retou plizyè fanmi ki te oblije kite kay yo pandan peryòd vyolans lan.

Retou sa yo reprezante yon siy espwa pou moun ki te pase plizyè mwa oswa plizyè ane ap viv lwen kay yo, pafwa nan kondisyon ki pa t respekte diyite moun. Se yon paj ki merite atansyon, paske twò souvan, lè y ap pale de ensekirite ann Ayiti, se sèlman pouvwa gang yo ak feblès enstitisyon yo ki jwenn plas nan analiz yo. Men, gen lòt aktè nan sosyete a ki merite pou yo dokimante angajman yo.

Nan okazyon kat lane evènman sa a, li enpòtan pou nou bese chapo nou byen ba devan jèn fanm ak jèn gason ki, malgre tout risk yo, te chwazi angaje yo pou defann kominote kote yo fèt, grandi epi konstui lavi yo.

Nou dwe salye tou ajan polis ki soti nan Kafoufèy, ki mete angajman yo ak konesans yo genyen sou kominote a nan sèvis pwoteksyon popilasyon an.

Sepandan, angajman sitwayen yo pa dwe sèvi kòm yon eskiz pou Leta retire kò l nan responsabilite li. Defans popilasyon an rete yon obligasyon enstitisyonèl. Brigad lokal yo pa kapab ranplase yon politik piblik serye, yon prezans pèmanan lapolis ak yon sistèm jistis ki fonksyone.

4 lane apre premye atak 10 novanm 2022 a, nou dwe sonje viktim yo, fanmi ki te pèdi tout sa yo te genyen, moun ki te oblije kite kay yo, ansanm ak tout moun ki kontinye ap sibi konsekans vyolans lan. Nou dwe sonje tou moun ki te chwazi reziste, moun ki te pote solidarite, jèn ki te mobilize, ak ajan polis ki te angaje yo pou ede kominote a reprann souf li.

Gen plizyè kesyon lejitim ki kontinye ap poze, sitou sa ki lye ak sekirite epi retou dirab popilasyon an lakay li. Ki dispozisyon Leta pran pou garanti sekirite moun ki retounen lakay yo ? Ki akonpayman ki disponib pou fanmi ki pèdi kay ak byen yo ? Ki mezi ki pran pou asire timoun yo kapab reprann lekòl, pou aktivite ekonomik yo relanse epi pou sèvis debaz yo retabli ?

Retounen lakay pa dwe vle di retounen anba menas. Rekipere yon teritwa pa dwe sèlman vle di diminye enfliyans gang yo; sa dwe vle di tou retabli sèvis piblik, garanti libète mouvman, kreye kondisyon pou moun travay epi pèmèt kominote a reprann lavi li nan diyite.

FHM

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *