Alaso… Yon mo ki plis pase yon kri gè

Image

Nan mwens pase vennkatrè d tan, seleksyon nasyonal foutbòl maskilen nou an pral antre nan batay nan konpetisyon Gold cup la nan peyi Etazini. Mesye nou yo pral toke kòn ak plizyè peyi pami yo Meksik, youn nan pi gwo potanta zòn nan nan koze woule boul. Grenadye yo pral mouye mayo pou bay kè kontan.

Lè Duvergé fè bèl detant. Lè w wè Adé fè yon bèl tak, Donald ap monte bal o pye, Derrick santre, Nazon fente pou Pierrot fè gòl, tout ayisyen pral sote ponpe. Sou tout bouch pral gen yon sèl pawòl : Grenadye Alasoooo !

Keseswa pou bouste jwè foutbòl nou yo, keseswa nan chante k ap motive sitwayen k ap manifeste, ekspresyon sa chita nan nanm tout ayisyen. Kri gè sa makonnen ak listwa pèp ayisyen si w konn se Damballah sou poto mitan. Se yon kri ki gen nannan ki te konn bay zansèt yo yon kout pous pou pa bay vag nan lit yo t ap mennen pou endepandans lan. Men, e si senp mo sa pa yon senp mo ? E si koneksyon l ak pèp ayisyen an pi fon pase sa nou ta kwè ?

À l’assaut

Nan lang franse, ekspresyon sa vle di mache pran yon bagay ak vyolans e sanzatann. Nan sans sa, nou ta ka tante kwè Alaso kreyòl pa nou an se jis yon defòmasyon òtografik franse a pou menm aksyon an paske anreyalite aksyon zansèt nou yo te konn poze yo kadre ak definisyon franse a. San bliye yo t ap evolye nan yon koloni frankofòn kote yon mo fasil chape nan franse a pou tonbe nan kreyòl la.

Patrimwàn afriken

Toutfwa, nou pa dwe bliye anpil nan zansèt nou yo pa t wè limyè solèy pou lapremyè fwa nan koloni a. Anpil te sòti ann Afrik ak pwòp langaj yo epi pwòp kilti yo. E sila ki fèt isit yo te leve jwenn yon mòd pale ki matchonge ak mo ki sòti nan plizyè lang. Sètensi, kreyòl nou an pa manke mo tankou Ayibobo, Bilolo, Asawo, Awoshenago oubyen Kwa sengbo. Tout mo sa yo makonnen ak patrimwàn zansèt yo – vodou a – ki soti Lafrik Ginen.

Tout mo nou site pi wo yo, tout se salitasyon grandèt yo te konn sèvi pou salouwe lwa yo. Kidonk, nan menm liy sa, nou ta ka sipoze Alaso kreyòl pa nou an sòti dwat dirèk nan matris manman lafrik paske li menm tou se yon salitasyon. Se salitasyon Kouzen Zaka.

Kouzen Zaka

Image

Se yon lwa ki enpòtan anpil nan vodou ayisyen an. Se li menm ki responsab agrikilti, ki vle di se kouzen ki responsab vant tout moun. Se yon lwa ki renmen e ki konn travay anpil. Se yon lwa ki rich anpil menmsi li toujou ap mande.

Antank espri ki domine latè, Kouzen pèmèt li pote fwi. Li manje bannann, patat, yanm boukannen, tchaka, mayi bouyi, kola, kafe. Li renmen asosi ak zo devan tranpe nan kleren. Kouzen renmen danse. Li renmen fanm sitou bouzen yo paske li di yo pa chè.

Koulè kouzen – tou depan de rejyon an ak rit lan – se ble, wouj, vèt ak jòn ki senbolize lanati ak plant yo. Kouzen mennen yon vi senp. Li gen bon jan. Li prezante sou fòm yon peyizan : yon chapo pay nan tèt li, yon mouchwa wouj nan kou li, yon pip ak yon makout pay. Li mache pye atè. Koulè rad li ble. Senbòl kouzen se yon mabouya men enstriman mistik li se yon manchèt. Li fè repozwa li anba pye zaboka.

Nou selebre kouzen pandan tout mwa me a, premye me an ki se jou travay la an patikilye. Jou ki konsakre pou kouzen se mèkredi, vandredi ak samdi. Kouzen se youn nan premye lwa ki te anseye zansèt nou yo sekrè zèb ak fey yo nan medsin tradisyonèl la. Tou sa pou n di kouzen konn fè tretman, sitou pou timoun.

Alaso kouzen, Alaso grenadye !!!

Image

Chak moun viv mo y ap pwononse oubyen y ap koute nan fason diferan. Si kèk moun pral anwe nan di grenadye Alaso nan sans ann mache pran yo, pèsonèlman se enèji minis Kouzen Zaka nou pral vibre sou ekip la. Yon enèji ki pou fè yo konstwi jwèt la senp, defann ak anpil kouraj, jwe tout match yo san parès pou peyi a pwogrese nan konpetisyon an. Senplisite, kouraj, travay di san parès : se sa enèji kouzen an ye. Se sa mo Alaso a trennen e se li nou bezwen.

425 Comments

  1. M ap li tèks la mwen santi m sou tè lafrik ak lanbi m nan men m epi m ap klewonnen yon kout son mizik rasanbleman pou m mande frè yo rasanble pou n mache sou tout sa k bare n nan kat pwenkadino latè ki anpeche n vanse. Sa ki mouri zafèrayo.

  2. к чему снятся рыжики грибы видеть во сне много голубей
    что значит ангел хранитель овна бакариил
    карта рдр2 со всеми отметками скачать,
    интерактивная карта рдр2 на русском к чему снится алкоголь в бутылках

  3. высокий пинг в кс го, пинг 1000 в кс го әлемдегі елдерді экономикалық дамуына қарай үш
    топқа жіктеу, экономикасы жоғары дамыған елдер
    компьютер басты жарты адамдар автор, компьютер басты
    жарты адамдар анализ рухани жаңғыру тәрбие сағаты 9 сынып,
    рухани жаңғыру тәрбие сағаты балабақшада

  4. ойық синоним, кішкентай синонимі плюсы многовекторной политики, многовекторная внешняя политика – это жұрнақ жалғанған сөз,
    жаз сөзіне жұрнақ жалғау старший помощник генерального прокурора рк, старший прокурор звание

  5. еркін түсу үдеуінің сан мәні, еркін түсу үдеуі 9 сынып поющий бархан сочинение, заповедник где расположен поющий бархан аккум калкан купить чехол xiaomi poco x3
    pro, лучший чехол для poco x3 pro күбіртке уикипедия, панариций емі

  6. ндс некоммерческих организаций, финансовая отчетность некоммерческих организаций рк бірінші әсер, бірінші дүниежүзілік соғыс жылдарындағы қазақстан презентация арал
    теңізі мағынасы, арал теңізінің қазіргі жағдайы кока кола караван, кока кола караван актау

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *