Kilè y a ban n yon chans?

Image

Maten an, lemond antye – depi w te branche Caraïbes FM – te koute Moïse Jean-Charles. Ansyen senatè a, menm jan ak anpil lòt fanm ak nèg politik, achte lajan kontan espas medyatik la. Nan maten, nan midi, nan envite di jou kou nan nenpòt emisyon politik menm sosyal yon medya ofri, se toujou menm yo menm nan. Menm ekip post 86 la ak yon ti pousyè lòt sistèm k ap ponn pèsonalite piblik nan peyi a chwazi kite pase.

Medya yo tèlman sèvi bouyon chofe sa, li provoke yon ralbòl popilè. Konsta sa – san pretansyon ni tèt anfle – vizib e li prèske jeneralize. Bouyon an kite dlo si sou lestomak oditwa a. Domaj lidè opinyon yo sanble pa twò okouran si moun yo la pou sèvi yo pa dijere twò byen pla sa. Èske se yon fèteksprè? Èske se tèlman manke moun ki gen langaj radyo oubyen fòm tèt televizyon? Èske se pou rezon lajan? Èske? Èske? Èske?

Yo konnen

Nou pa bezwen twòp refleksyon ni detire sèvo a twòp pou reyalize pi fò medya nan peyi a, pou n pa di tout, okouran de sitiyasyon sa. Pou ekzanp – san lonje dwèt sou pèsonn – n ap site ka de gwo tèt nan peyizaj medyatik la : Roberde Céliné dit Bob C ak Valéry Numa.

Nan premye ka a, moun ki fidèl jounal Premye Okazyon sou frekans radyo ri Chavannes nan ap sonje yon ezkanp klè kou klèwòz ki te pase ak André Michel. Pou sila ki pa t temwen rejè piblik sa pèp la te bay ansyen avoka pèp la, n ap rezime pou di dirijan MOPOD la kraze plat yon layv jounal la nan men Guerrier Dieuseul, Bob C ak Pierre Renel René (PRR). Sòti 10 mil e pik, oditwa a tonbe a mwens 5 mil moun otomatikman jounalis yo anonse envite yo ki te André Michel. Pa ka gen pi klè pase sa !

Nan dezyèm ka a, jounalis radyo Vision 2000 lan te bay rezon ki fè l pa anime ribrik envite nan radyo a ankò : se toujou menm moun yo !
Ki vle di, jounalis Valéry Numa konnen byen e li konsyan zòrèy oditè yo bezwen yon lòt son.

Poukisa ?

Li enpòtan kounya pou nou chèche konprann motif katon wouj senbolik sa. Nou pa p pouse bourik nou twò lwen pou jwenn yon premye eleman repons.

Desepyon pèp la

Pa gen twòp kouch nouvo sou tablo politik peyi d Ayiti. Pi fò aktè politik yo se bwaseren evennman 1986 yo ak 2004. Se de prensipal peryòd boulvès politik, sosyal ak ekonomik sa yo ki akouche yo. Kòm konsekans, lotè zak sa yo peye enkonsekans yo vizavi listwa. Yo pa t janm montre okenn lòt enterè nan byennèt popilasyon an si se pa pou al vote nan eleksyon.

Mechanste swadizan lidè yo

Si tout kote, premye objektif politik se òganize lavi sosyal, kou li pile tè d Ayiti Toma tout bagay chanje. Objektif li detounen. Se anrichisman nèg ak fanm politik ki priyorite. Ki diplòm yon sitwayen lanmda bezwen pou konprann ki enpak 60 milyon dola Lamòt Gagote a ta ka gen sou lavi l si politik te toujou vize a òganize lavi nan site a? Ki entèprèt yon madan Sara bezwen chèche pou ede l konprann ki kout pous yon prè nan ONA te ka bay biznis li si Youri Latortue ak lòt gwo chabrak te kite mwayen pou li? Nan ki lang ou pral eksplike yon elèv ki pral lekòl nan jwe marèl sou kawoutchou André Michel nan enterè l pandan li di barikad se avni men li tounen ti zwazo nan vwayaje al wè pitit li ki lekòl kay blan? Konbyen zòrèy lepèp bezwen pou tande sou tout rezo tout zotobre politik gen filyasyon ak gang k ap teworize l yo?

Sa pa tout. Yon gwo pwen entèwogasyon kanpe ankwa nan sèvo plizyè obsèvatè : alòs poukisa se toujou menm figi yo, menm fòm tèt yo y ap enflije opinyon piblik la? Jan nou elabore pi wo a, se pa menm moun ki katolik. Kote jèn fanm ak jèn gason fakilte nou yo ap fòme yo? Kijan yo pral emèje si medya yo mete klas fanm ak nèg echwe sa yo kanpe devan yo kou yon miray Lachin? Poukisa medya yo nan tout konplezans sa? Poukisa laprès lage zouti pisan sa bay mantè ak atoufè notwa pou pèpetye tèt yo alòske pa gen okenn rezilta? Èske pa gen nesesite pou louvri pòt pou yon lòt klas moun nan peyi a?

118 Comments

  1. Great read! The depth and clarity of your analysis are impressive. If anyone is interested in diving deeper into this subject, check out this link: DISCOVER MORE. Looking forward to everyone’s thoughts!

  2. This was a very well-written and thought-provoking article. The author’s insights were valuable and left me with much to consider. Let’s discuss further. Feel free to visit my profile for more related discussions.

  3. atm4d
    Thanks for some other informative site. The place else
    could I get that kind of information written in such an ideal method?
    I have a venture that I’m simply now operating on, and I
    have been on the glance out for such info.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *