Lajistis peyi Kolonbi arete pitit prezidan peyi sa

Image

Lapolis nan peyi Kolonbi mare kou krab pitit prezidan peyi a Nicolas Petro ak tout ansyen madanm li ayè samdi 29 jiyè a dèske l ap blanchi lajan epi y ap fè richès ilegalman. Se prezidan Gustavo Petro menm ki anonse nouvèl la sou twitter ki pote non X kounya.

Dosye krim sa yo yo repwoche pitit ak ansyen bèlfi prezidan an te nan men anketè depi ane pase nan moman kanpay prezidansyèl papa a. Toutfwa, prezidan Petro, lave men l kou Pilat epi fè konnen li pa janm resevwa lajan nan men dilè dwòg. Premye sitwayen peyi Kolonbi a mande pou bon ankèt tanmen pandan li presize l ap kite lajistis fè travay li kòmsadwa.

Se ansyen madanm premye pitit prezidan Petro a menm, Daysuris Vasquez, ki mete tout kaka chat deyò. Selon madam Vasquez, ansyen mari l se kòkòt ak figawo avèk gwo patwon dwòg ak kontrebann nan peyi Kolonbi. San tann yo pase bè bò bouch li, madanm nan fè konnen Nicolas Petro te resevwa yon mago nan men bawon dwòg yo pou finanse kanpay papa l, men nan plas sa li te pran lajan an pou l viv nan liks.

Ansyen madanm mesye a rapousib pou fè konnen se pa premye fwa Nicolas ap pran lajan dilè dwòg. Li presize, yon fwa, pitit prezidan an te resvwa yon sòm lajan 6 chif nan men bawon Samuel Lopesierra. Men, madam Vasquez fè konnen prezidan an pa t janm okouran zak sa yo.

“Antank moun e antank papa, sa fè m mal pou wè jan li detwi tèt li,” se sa premye prezidan kolonbyen ki soti a goch la fè konnen. “Mwen swete l bòn chans ak anpil fòs. Mwen swete sa k rive a fòme karaktè l epi li pran tan pou reflechi sou erè l yo.”

Nicolas Petro – pitit prezidan an ki se yon ansyen depite 37 lane – te jwenn arestasyon l nan vil Baranquilla anvan otorite yo te transfere l nan Bogota, kapital peyi a.

Joe Dessources

1,022 Comments

  1. Its like you read my mind! You seem to know a lot
    about this, like you wrote the book in it or something.
    I think that you could do with a few pics to drive the message
    home a bit, but instead of that, this is wonderful blog. An excellent read.
    I will definitely be back.

  2. Hello it’s me, I am also visiting this website regularly,
    this web page is really good and the people are really sharing
    nice thoughts.

  3. полный оборот земли вокруг солнца, полный
    оборот земли вокруг своей оси карты таро уэйта купить в красноярске видеть себя в красном платье во сне исламский
    сонник, красная одежда во сне исламский сонник
    что написать парню, чтобы он позвонил,
    что написать парню, чтобы
    он думал о тебе гороскоп 365
    совместимость, совместимость по
    имени

  4. Great read! The depth and clarity of your analysis are impressive. If anyone is interested in diving deeper into this subject, check out this link: DISCOVER MORE. Looking forward to everyone’s thoughts!

  5. Unquestionably believe that which you stated.
    Your favorite justification seemed to be on the net the easiest
    thing to be aware of. I say to you, I certainly get annoyed while people think about
    worries that they plainly do not know about. You managed to hit the nail upon the
    top and defined out the whole thing without having side effect ,
    people could take a signal. Will likely be back to get more.
    Thanks

  6. тары адам агзасына пайдалы тарыдан кандай тагамдар жасалады, шикі сөктің пайдасы yenlik биография, енлик значение имени назар
    қазақ қыздары текст, назар тобы қазақ қыздары скачать belalim remix скачать, песня белалим на русском

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *