Antèman Lili ap chante samdi

Image

Antèman jounalis Liliane Pierre Paul ap chante jou k ap samdi 12 dawout la nan pak Sainte Thérèse nan Petyonvil. Se yon seremoni ekimenik ofisyèl k ap òganize pou bay jounalis la yon dènye akolad.

Toutfwa, pwòch Lili yo deside mete sou pye tou 2 jounen omaj jedi 10 dawout nan palè minisipal ak vandredi 11 dawout k ap vini la nan lokal radyo Kiskeya soti 10è pou rive 6è pou selebre lavi vwa vèdèt jounal katrè a sou radyo sila.

Jounalis Liliane Pierre Paul, te konsakre 35 lane nan vi l nan lit pou libète la pawòl nan laprès la pou sosyete ayisyèn nan. Jounalis angaje nan lavi sosyal ak politik peyi a, Liliane te goumen pou rive enpoze lang kreyòl nan estidyo radyo yo, yon koze ki pa t fasil nan epòk la.

Fanmi jounalis la pwofite mande tout moun ki te fè Lili mal nan lavi l, pou yo kanpe lwen nan seremoni ekimenik sila pou yo pa fè plis mal ankò nan travèse li.

Fondatris epi direktris enfomasyon radyo Kiskeya a, Jounalis 70 lane a kite nou lendi 31 jiyè 2023 pase a apre li te sibi yon kriz kadyak.

Habacuc Paul

126 Comments

  1. Thank you for your sharing. I am worried that I lack creative ideas. It is your article that makes me full of hope. Thank you. But, I have a question, can you help me?

  2. This article provides some fascinating insights! I appreciate the depth and clarity of the information. It has sparked my curiosity, and I’d love to hear other perspectives on this. Feel free to check out my profile for more interesting discussions.

  3. Link pyramid, tier 1, tier 2, tier 3
    Level 1 – 500 references with positioning embedded in pieces on writing domains

    Secondary – 3000 web address Forwarded connections

    Level 3 – 20000 references blend, remarks, entries

    Using a link pyramid is beneficial for indexing systems.

    Demand:

    One reference to the domain.

    Keywords.

    True when 1 search term from the resource subject.

    Observe the supplementary functionality!

    Essential! Tier 1 links do not intersect with 2nd and Tier 3-level references

    A link pyramid is a mechanism for boosting the flow and link profile of a online platform or virtual network

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *