Asawoooo pou Papa Tijan !!!

Image

Nan panteyon vodou ayisyen an chaje lespri. Lespri sa yo divize an Lwa, Gad ki se lwa kreyòl yo ak sila ki responsab koze Pwen. Kit Lwa, kit Gad kit Pwen, tout regwoupe nan diferan fanmi ki sòti nan divès nanchon ki yo menm baze sou plizyè rit. Pami rit yo, nou ka site Rada, Nago, Petro elatriye.

Nan Rit Petro a ki se yon rit yo souvan di ki cho paske li rasanble anndan l yon dividal lespri lagè, nou jwenn lwa tankou Ogou yo, Dantò, Ti Jan Petro ak yon latriye lòt ankò.

Ti Jan Petro

Se yon lwa kreyòl sa vle di yon nanm dezenkane. Li te yon esklav nan koloni sendomeng lan nan vivan li. Li te yon ti rasi lèd, je wouj epi janm li yo te flègèdèp. Antank esklav, Ti Jan te konn sibi anpil vyolans, enjistis ak move tretman nan men kolon blan yo. Li se youn ki te konn viktim pimantad. Pimantad la se te yon chatiman malfektè blan te konn bay esklav kote yo filange po yo epi mete piman ak lòt epis brile nan chè zansèt nou yo. Pou yo te leve nivo kriyote a, mèt Ti Jan an te deside boule l tou vivan.

Alòs, lè nanm Ti Jan dezenkane epi tounen yon lwa kreyòl, li vin kriyèl anpil. Li pa nan griyen dan ak pèsonn sitou kolon blan. Dapre enfòmasyon nou jwenn nan kad redaksyon atik sa, lwa Ti Jan se youn nan lwa Papa Makandal te konn sèvi. Se li menm ki te ba l sekrè pou pwazonnen dlo kolon yo te konn bwè. Li te tou bay grandèt la estrateji pou esklav yo pa mouri menmsi yo ta devan obligasyon pou bwè nan menm dlo sa. Se Ti Jan tou ki te konn mete dife nan chan kann nan lakoloni. Yon fason pou vanje l sou blan yo. Menm jan ak li, madanm li Marinèt Pye Sèch – yon lòt lwa kreyòl – kriyèl e enprevizib tou. Tou de se lwa vanjans.

Kontrèman ak kwayans popilè a, Ti Jan pa pitit Dantò. Yo se kouzen ak kouzin. Ti Jan Petro se youn nan lwa Jean yo. Li sòti nan eskòt Faro. Li sou rit Petro. Li se yon lwa gèrye. Li se yon gede tou. Yo selebre Ti Jan pandan tout mwa Jen an, an patikilye jou 24 jen an. Ti Jan abite nan touf raje. Jou ki konsakre pou li se madi. Men sa pa vle di ou paka jwenn li lòt jou yo. Nan nò peyi a sitou, yo itilize mo ASAWO pou salye li.

Lwa Ti Jan sèvi ak mouchwa wouj ak jòn. Li manje mouton, kochon blan men li ka manje kabrit (oubyen bèf) ki koulè jòn. Li renmen diri kole ak pwa wouj. Li manje pistach ak mayi griye.  Li bwè kleren blan ak kleren tranpe nan lanni. TI jan sanble ak kouzen Zaka paske yo tou de mete chapo pay, yo sèvi ak pip epi baton. Lanp Ti Jan monte ak lwil maskreti oswa grès kochon.

Lwa sa frajil anpil; lè sèvitè ap tiye mouton pou li, depi bèt la rele, sèvitè a pa dwe touye l sinon ap gen rèl nan fanmi an. Lè lwa Ti Jan vini, li danse sou dife. Ase souvan, li fè moun li posede a monte pye kokoye tèt anba.

Ti Jan se yon espesyalis nan ekspedisyon. Li se yon gran majisyen. Moun ki sèvi ak lwa sa pou travay pa ka pa wè. Li bon nan wonga anpil anpil e li konn fè tretman. Ti jan bay boul bòlèt. Si yon moun dwe w li pa vle peye w, remèt Ti Jan koz la, li pral chèche kòb sa pote ba ou. Men aprann sa, anvan Ti Jan fè kichòy, li mande touche.

1,021 Comments

  1. Today, I went to the beachfront with my children. I found a sea shell
    and gave it to my 4 year old daughter and said “You can hear the ocean if you put this to your ear.” She placed the shell
    to her ear and screamed. There was a hermit crab inside and it pinched her ear.
    She never wants to go back! LoL I know this is entirely off topic but
    I had to tell someone!

  2. Thank you for your sharing. I am worried that I lack creative ideas. It is your article that makes me full of hope. Thank you. But, I have a question, can you help me?

  3. охлобыстин национальность, иван охлобыстин в молодости все о парнях по
    гороскопу близнецы сонник
    утопить во сне
    к чему снится собирание грибов в
    лесу снится продавать корову

  4. 10 It also exerts its anti emetic actions via anti dopaminergic effects, where it displays similar efficacy as ondansteron, a 5HT 3 receptor antagonist and anti emetic, in preventing delayed nausea and vomiting generic priligy online Are there any good legal resources you might recommend to get this done

  5. соңғы көш романы оқу, соңғы парыз романы орта ғасыр шығыс мәдениетінің өкілі, ерте
    орта ғасырдағы мәдениет
    қазақстан мени умыт slowed скачать,
    мени умыт турецкая версия ипподром шымкент
    автобус, ипподром шымкент наурыз

  6. риэлторы караганда отзывы,
    агентство недвижимости караганда матч
    аргентина – хорватия, аргентина –
    хорватия прямой эфир сары құмырсқа туралы мәлімет, құмырсқаның пайдасы мен зияны оқу сауаттылығы мәтіндер жинағы 4 сынып,
    оқу сауаттылығы 6 сынып

  7. бактерияларды зерттеу әдістері, спораны анықтауға арналған бояу түрi известные люди
    современности, самые популярные знаменитости в мире
    сор 3 класс русский язык для казахских школ 2 четверть, сор 3 класс русский
    язык ответы плавание для детей
    караганда бесплатно, бесплатные
    кружки для детей сайт

  8. электронный тасбих, электронный тасбих купить емшек
    неге қышиды, емшек ұшы неге қышиды нәрестелік кезең
    психологиясы, нәрестелік кезең дағдарысы аллюр авто модельный ряд, аллюр авто сервис
    центр

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *