Atis J-Thon deside repouse dat sòti nouvo pwojè li a

Image

Kontrèman ak sa ki te anonse nan kòmansman mwa a, atis J-Thon ki te ba nou randevou pou yon nouvo mizik deside repouse sine die dat sòti pwojè sila. Dezisyon sa pran pa rapò ak kontèks kriz k ap travèse kafoufèy nan moman an. Atis la fè konnen li pa santi nesesite sòti pwojè a paske lespri l pa vrèman anpè. Atis la repwoche leta li di ki pa mete kondisyon pou jèn ka evolye nan zòn li.

J-Thon deklare :”Se pa paske m se ayisyen pou yo vle fè m kwè m pa menm gen dwa gen rèv, alevwa pou m ta gen dwa reyalize yo. Se pa paske m se Ayisyen pou yo vle fè m kwè si m fè inivèsite, se foli entèlektyèl m genyen, sa p ap itil mwen anyen.”

Poze l kesyon sou sitiyasyon katye kè li Kafoufèy ap viv, atis la ap eksplike ak penn nan nanm li :” Anvan m pale sou sitiyasyon kafoufey la, m deja kondane move pratik ki genyen nan peyi a depi kek tan kote on seri moun achte zam vin distribiye bay pitit pèp la nan geto yo. Mwen m se nèg kafoufèy, se la m fèt, se la m grandi se la m rete, sa vrèman mete m enkòfòtan lè nan yon premye moman m te konn ap tande bri bal lè nèg yo konn ap fè tentative pou rantre nan zòn nan. Men ofinal, kè m dechire lè m ap Gad imaj nèg yo ki rive pran teritwa, boule kay ak moun tou vivan, vyole fanm ak tifi, mete on seri sitwayen pezib deyò lakay yo.”

Pi lwen atis la rapousib pou di :”Malerezman nou pa gen moun pou n rele, m pa menm bezwen pale de Leta e pèp la pa ka kanpe goumen ak nèg ki gen zam vre donk n ap rete pozitiv epi n ap kite tan an aji. Listwa va di kiyès ki te gen rezon.”

Toutfwa atis inivèsitè a fini yon nòt espwa : “Mwen se nèg kafoufèy, mwen plen foug pou m avanse nan sa m renmen, e m prè pou m bay kout men nan mezi m kapab pou peyi m, men m swete yon jou ap gen yon Leta ki p ap restavèk k ap pèmèt pitit geto yo itil tèt yo, itil peyi a.”

Boutonfen, atis la di nou pa ezite tcheke l sou rezo yo epi rete konekte ak li pou nouvo dat sòti ofisyèl mizik la.

Job Fleurismé

133 Comments

  1. леп белгісі туралы тақпақ, нүкте туралы өлең права военнослужащих рк, права военнослужащих по контракту
    сара мусульманское имя значение, альсара имя значение жиличев дмитрий
    алексеевич отзывы, самый лучший хирург по блефаропластике

  2. жанбыр астында екеумиз гана толык, жанбыр астында аккорды
    қанат үмбетов менің алтыным скачать, жанымда бір
    болсаң жарық нұрың боламын скачать кроссовки актобе инстаграм, интертоп кз распродажа персона клиника, персона клиника
    кызылорда телефон

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *