Anpil emosyon te anvayi pawas Sen Jid nan Meyòt nan maten madi 10 fevriye 2026 la, kote fanmi, zanmi, konfrè ak konsè nan laprès, ansanm ak plizyè pèsonalite politik, te reyini pou rann jounalis Matiado Vilmé yon dènye omaj. Atravè priyè, temwayaj ak pawòl lespwa, yo te salye memwa yon pwofesyonèl ki te angaje san jamè sispann enfòme popilasyon an.


Fineray jounalis Matiado Vilmé te chante nan maten madi 10 fevriye 2026 la, nan pawas Sen Jid nan Meyòt, an prezans fanmi li, espesyalman de (2) pitit li yo, ansanm ak anpil konfrè ak konsè nan laprès ki te vin rann defen konbatan an yon dènye omaj.
Pè Asnigue Merlet, ki se kire pawas Sen Jid la, te prezante Matiado Vilmé kòm yon jounalis pwofesyonèl. Nan omeli sikonstans lan, li te envite pwòch defen an pou yo kontinye priye, pandan li raple egzanp Laza ki te resisite soti nan tonbo a. Daprè li, se ak menm esperans sa a yon jou defen jounalis la va leve byen vivan, paske li se pitit Bondye.
Fineray la te chaje ak emosyon. Plizyè militan politik te pwofite okazyon an pou eksprime senpati yo ak apresyasyon yo pou travay defen jounalis la t ap reyalize. Mèt Arnel Rémy, bò kote pa li, te salye kouraj Matiado : “malgre tout risk li te konn pran, li pa t janm sispann enfòme popilasyon an.” Li te mande konfrè ak konsè jounalis yo pou kontinye swiv egzanp Matiado Vilmé.
FHM

QQ88 mang đến cổng truy cập giải trí online hiện đại, vận hành ổn định và đảm bảo sự thuận tiện cho người dùng.