Kafou Fèy leve mache kont ensekirite

Image

Plizyè milye moun nan Kafou fèy te mache jounen lendi 14 dawout la pou rele anmwey kont ensekirite lokalite a ap konnen dènye jou sa yo. Bandi ak zam anvayi epi gentan mete dife nan divès kay epi blese plizyè sitwayen pezib. Yon sitiyasyon ki lakòz anpil abitan oblije kouri kite kay yo.

Mach la ki te sòti nan tèt enpas Edy desann Maglwa Anbwaz, ri Nikola pase devan radyo Karayib nan ri Chavàn pou rive devan lise Jèn Fi nan ri kapwa pa t gen chans kontinye akoz lapolis te anpeche abitan nan kafoufèy yo ki desann pou rive sou channmas pou al bout devan Direksyon Depatmantal Lwès polis nasyonal la. Polisye yo te bonbade sitwayen yo anba gaz lakrimojèn.

N ap raple bal bandi pa sispann chante nan tèt Savann Pistach ak Saye san Lapolis pa entèvni pou pèmèt popilasyon nan zòn sa yo ki te oblije kouri kite kay yo san yo pa konnen ki kote yo prale tounen lakay yo.

Bandi ap taye banda, Leta fè silans. Pou konbyen mwa ankò? Pandan tan sa, Kafoufèy livre sou kont tèt li.

Johnley Joseph

1,242 Comments

  1. I found this article to be both engaging and enlightening. The points made were compelling and well-supported. Let’s talk more about this. Click on my nickname for more engaging content!

  2. mexico pharmacies prescription drugs [url=https://mexicopharmacy.cheap/#]mexican drugstore online[/url] best online pharmacies in mexico

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *