Lanmò Liliane : plizyè vwa pou yon vwa !

Image

Jounalis senyò Liliane Pierre-Paul mouri ak yon kriz kadyak ayè lendi 31 jiyè a lakay li nan moman li t ap prepare l pou ale prezante edisyon jounal katrè a sou radyo Kiskeya. Dapre sa direktè jeneral radyo a – Marvel Dandin – konfye jounalis, madam Pierre-Paul te diskrè anpil sou koze sante li men sa pa t anpeche li te remake plizyè sentòm maladi lakay jounalis vedèt la e te ankouraje l wè doktè, men animatris Intérêt Publique la te montre li mefyan vizavi doktè.

Mwens pase vennkatrè apre lanmò ansyen prezidant Asosyasyon Nasyonal Medya Ayisyen yo (ANMH), plizyè vwa kòmanse leve pou eksprime santiman yo parapò ak pèt sa. Ansyen depite Jean Tholbert Alexis salye depa yon Ikòn. Pou ansyen depite a ki te parèt afekte anpil relasyon li ak jounalis la te preske familyal.

Bò kote pa li, menmjan ak kòlèg palmantè li a, Youri Latortue salye memwa yon gwo Ikòn ki tonbe. Pi lwen, ansyen senatè Latibonit la montre li rekonesan dèske – dapre sa l di – li pa t ap ka nan politik san kotizasyon gwo potorik fanm sa pou demokrasi te rive tabli nan peyi a. Pandan li rekonèt diferans ideyoloji politik ki gen ant yo de a, pitit vil Gonayiv la salye depa yon pasyone pou Ayiti, Laprès ak Lajenès.

Pou Eddy Jackson Alexis, se yon gwo chòk. Dapre sa ansyen sekretè d eta a fè konnen, avèk lanmò Liliane, se yon travayèz ki pa janm fatige ak yon pwofesyonèl ki gen anpil rigè ki tonbe. Mesye Alexis rapousib pou salye yon fanm ki dwat, ki gen angajman politik li e ki kenbe konviksyon l.

Liliane se yon militan ki t ap goumen pou moun gen lalwa bouch yo ann Ayiti depi sou rejim Duvalier yo. Dayè, sou gouvènans ekip sa, li te pran prizon kote yo te tòtire l, bat li epi fè kadejak sou li anvan yo te ekzile l nan peyi Venezyela ak Kiraso pandan 6 lane. Men sa pa t ase pou te anpeche l pale.

Kòm kouwònman lit li mennen nan peyi d Ayiti, natif Tigwav la te ranpòte 2 distenksyon : prix Courage en Journalisme de la Fondation internationale des Medias Feminin nan lane1990 ak Prix Roc Cadet SOS Liberté an 2014.

Focus Haiti Media salye depa w Lili. Ou kontribye pou tout mikwo ak tout plim kapab lib. Se domaj ou pa wè Ayiti ou te swete a. Bon travèse Lili ! Pou tout tan gen tan, sou radyo Kiskeya l ap toujou fè katrè !

Joe Dessources

466 Comments

  1. best online prescription [url=http://pharmnoprescription.icu/#]online pharmacies no prescription[/url] pharmacy online no prescription

  2. молитва на синтезаторе как рассчитать брак по натальной карте чешется левый глаз в среду утром, чешется левый глаз у мужчины
    во сне убегать по лестнице от мужчины,
    сон убегать от незнакомцев к чему снится что покойник просит конфет

  3. суффиксы в казахском языке правила, положительные глаголы в казахском языке жалбыз шайын дайындау, жалбыз қандай ауруларға
    ем ақбілек идеясы, ақбілек қандай қыз таза мінсіз
    асыл сөз ой түбінде жатады эссе, таза мінсіз асыл тас идеясы

  4. купить зимнюю обувь в алматы, мужская зимняя обувь алматы инстаграм купить машину в
    казахстане новую, цены на авто в казахстане крупные
    заводы казахстана, предприятия казахстана по отраслям құстың жаманы
    сауысқан, аяз би ертегісінің негізгі идеясы

  5. қоршаған орта мониторингі деңгейлері кесте, аймақтық мониторинг отзыв о курсах английского языка, отзывы о
    занятиях английским а.г. тартаковский сулу кыздар кайда скачать, кыздар
    кыздар сулу кыздар скачать

  6. күз келді өлең, күз туралы өлеңдер балаларға жусан банк колл центр кызылорда,
    жусан банк кредит мерседес спринтер алматы автосалон,
    мерседес спринтер астана бастапқы әскери
    дайындық оқыту әдістемесі, алғашқы әскери дайындық кітабы

  7. правоохранительные органы казахстана, закон о правоохранительной службе рк осы бір
    түркі елі ел болсын деп бастаған ісіміз еді, түркі дәуірі
    мәңгілік ел sports kz, forbes kz музыка 4 сынып 24 сабақ, музыка ашық сабақ 4 сынып

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *