Obezite : yon maladi nou rezime ak moun ki gwo sèlman, men ki plis ke sa.

Image

Ase souvan, yon moun vin obèz se akoz yon dezekilib ki kreye ant kantite kalori li konsome, ki plis, ak sa li boule nan jounen an ki konn etabli sou yon pakèt tan.

Yon moun ki sòti nan yon fanmi ki deja gen lòt ki obèz riske pou li menm tou li vin obèz. Konsa tou gen lot faktè ki konn trouble sistèm andokrin moun nan ki konn lakòz moun sa a pran pwa. Pa egzanp, kèk prodwi obezojèn tankou lafimen sigarèt, polisyon lè a, elt.

Nou gen moun ki pa dòmi ase yo, moun ki pa aktif fizikman, sa nou rele sedantarite an. Gen kèk medikaman ki konn favorize priz pwa tankou sa nou rele kotikosteroyid yo, kèk medikaman pou depresyon, sa ki pou tansyon, san bliye estrès e menm gen kèk maladi tou ki provoke sa tankou ipotyoyidi e lòt ankò.

Men, se pa fòseman yon moun ki gwo anpil ki obèz. Ou ka twouve gwosè w ye a nòmal pou ou men ou soufri obezite.

Kijan w ap fè konnen sa ?

Pou rive konn sa, pwofesyonèl lasante yo itilize sa yo rele IMC a (indice de masse corporelle) ki li menm li fè w konnen si pwa ou genyen an ale ak wotè ou ye a. Kote yo itilize de (2) paramèt ki se pwa ou ak wotè ou. Si valè a ant 18.5 a 24.9 yo konsidere ou gen pwa nòmal pou wotè w, si li ant 25 a 30 ou gen pwa anplis e depi l tanmen 30 ale pi lwen, yo pale de obezite ki li menm gen plizyè grad, tank valè a plis e tank grad la plis.

Poukisa sijè sa enpòtan ?

Li enpòtan pou nou pale de sa paske se yon koze ki kapab gen gwo efè sou sante w pa rapò ak anpil konplikasyon li ka genyen ak vi sosyal ou. Paske anpil fwa gen kèk moun ki konn wont de sa e ki konn menm rive pèdi estim yo gen de tèt yo.

Ki konplikasyon obezite ka koze ?

Konplikasyon nou plis fè fas se konplikasyon ki gen rapò ak veso san yo tankou pwoblèm tansyon, pwoblèm kè, li ka ba w maladi sik, pwoblèm kolestewòl, fwa, ren, fyèl, kis, e menm rive lakoz kansè ak divès lot konplikasyon ki ka trè grav.

Yon moun ki soufri obezite, li enpòtan pou moun sa a gen yon prizanchaj nitrisyonèl, fè aktivite fizik, sa a trè enpòtan. Gen kèk medikaman yo konn itikize tou men akoz risk ke yo ka bay kansè kèk peyi ki pa otorize yo. Depandaman de stad li ye an, yo konn menm arive opere moun nan. Lè sa a, l ap sibi yon operasyon ki rele (chirurgie bariatrique).

Pou evite obezite, li enpòtan pou w gen yon aktivite fizik ki regilye, pou w bwè alkòl ak moderasyon, evite pwodwi obezojèn nou te site yo, gen yon alimantasyon sen. An nou evite pwodui konsèv yo le plis ke nou kapab. Sik se yon gwo pwoblèm, li t ap mye pou nou itilize siwo myèl, men, asire nou li pa melanje ak sik. Somèy enpòtan anpil, an nou dòmi ase. Malerezman pou nou, menm estrès la yon jan difisil pou nou di n ap jere, men an n eseye detann nou plis ke posib.

Gwo pa vle di afè w bon pou sa, travay sou kò nou pou n ka kenbe tèt nou an sante.

NB : Fòmil IMC = pwa/wotè ²

Dr Jean Francois
[email protected]

7 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *