Pè Venel Suffrard pa kire pawas Sen Mak la ankò

Nan yon lèt ki pote dat 3 jen 2025, Monseyè Yves Marie PEAN c.s.c pran desizyon retire pè Venel Suffrard kòm kire pawas Sen Mak la akoz twòp plent ki depoze kont pou li.

Depi 3 lane biro Evèk la nan Gonayiv ap resevwa divès plent pou pè kire Venel sou konfli pastoral, administratif, dèt… E sou rezo sosyal yo, plent sa yo rive sal imaj legliz la nan Sen Mak. Diferan komite pawas la te siyen yon lèt pou te fè enfòme Monseyè ke de jou an jou bagay yo ap dejenere sa ki te fè biro Evèk la konprann chemen bouton, se chemen maleng.

Monseyè Yves Marie Pean c.s.c te pran desizyon nan dat 27 desann 2024 angaje epi voye yon delegasyon 3 pè pou te rankontre pè kire Venel e bay eksplikasyon sou sa ki ap pase yo. Kèk tan aprè Monseyè a te vle rankontre pè kire sou menm dosye sa yo, pè Venel te fè konprann akoz eta sante li e akoz ensekirite a li p ap ka rann li Gonayiv. Poutan yon delegasyon komite pawas la, nan dat 12 fevriye 2025, t al rankontre Monseyè Yves Marie Pean e fè li konprann tout sa k ap pase pandan manda pè Venel nan tèt pawas la.

Depi 29 avril, Monseyè a te mande pè Venel Suffrard rantre Gonayiv, men li pa t dakò koute pawòl, e ni dakò bay rapò pastoral e finansye ke biwo dyozèz la te mande l.

Pou kounya yon delegasyon pè pral chaje pou jere tranzisyon pawas la. Monseyè a bay 48èd tan a Pè Venel Suffrard pou li kite pawas la, annatandan li konfye l yon lòt misyon. Pandan tan sa a pè Venel pa gen dwa siyen okenn dokiman ni pran okenn angajman nan non pawas Sen Mak la.

FHM

3 Comments

  1. I’m extremely impressed with your writing skills as well as with the layout on your blog. Is this a paid theme or did you modify it yourself? Anyway keep up the nice quality writing, it is rare to see a great blog like this one these days..

  2. An impressive share, I just given this onto a colleague who was doing a little analysis on this. And he in fact bought me breakfast because I found it for him.. smile. So let me reword that: Thnx for the treat! But yeah Thnkx for spending the time to discuss this, I feel strongly about it and love reading more on this topic. If possible, as you become expertise, would you mind updating your blog with more details? It is highly helpful for me. Big thumb up for this blog post!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *