Yon dènye omaj pou Liliane.

Image

Antèman jounalis vedèt jounal 4 È a, Liliane Pierre Paul, chante jodi samdi 12 dawout la nan pak Sent-Terèz nan Petyon-vil.
Plizyè pèsonalite piblik ak politik, manm près la ak manm nan sosyete sivil la te prezan pou bay yon dènye akolad ak militant lan.

Depi 8 È nan maten, sèkey la enstale nan mitan teren pak sent Terèz anba yon tant byen dekore, manm fanmi an te deja prezan pou resevwa salitasyon diferan pèsonalite ki te fè deplasman an. Plizyè kò nan PNH la te sou plas pou asire sekirite ak yon pati nan pwotokòl la.

9 È ak kèk minit, mèt seremoni an anonse Fanfa PNH la ap ouvri seremoni an ak entèpretasyon yon pati nan Desalilyèn nan, tout moun leve kanpe…
Nan menm pozisyon an, fanfa PNH la te entèprete enstrimantal jenerik jounal 4 È a jounalis la se animatè vèdèt li.

3 SELEBRAN POU YON SEREMONI…

Nan yon anbyans solanèl, reprezantan pwotestan, katolik ak vodou, nan fason pa yo te selebre lavi militant lan.
Pou wa vodou a, Augustin Saint Cloud, se yon aksyon pou montre Liliane te goumen pou libète dwa moun respekte nan diferan nivo nan sosyete a.

KREYÒL CHANTE…

Jounalis Liliane te goumen pou lang kreyòl antre nan estidyo radyo nan epòk li, yon konba ki pa t fasil. Pou montre valè travay sa genyen, tout seremoni pou rann li yon dènye omaj te fèt nan lang Kreyòl. Tout pwen yo, tankou biyografi, diskou ak chan yo te fèt nan lang kreyòl.

SI LILIANE TE VIVAN, LI PA T AP KONTAN…

Pandan yon bon bout tan, malgre lapèn, seremoni an t ap chante nan yon anbyans kè poze. Men, kèk tan aprè, malgre avètisman fanmi an depi kèk jou avan dènye seremoni sa, militan ki te prezan yo ta pral deranje aktivite a pou konteste prezans plizyè pèsonalite nan seremoni sila.

Mèt antre Michel ki te premye sib deblozay la, avèk èd polisye ki te la, rive chape poul li.
Mèt Newton Saint-Juste te profite moman tibilans lan pou l te jwenn yon kwen pou lage pye l.

Ansyen premye minis sou Mateli a, Jean Henry Ceant, te oblije kache byen fon pou tann yon eskòt polisye ajan kò espesyalize udmo ak boid vin ede l kite espas la.

Yon aksyon Marvel Dandin, ki se kolaboratè dirèk jounalis la kondane paske, malgre dezakò Liliane te ka genyen ak nenpòt moun, li pa t janm dakò vyolans. Pou li, si Liliane te vivan, li pa tap kontan.

OU GOUMEN ANPIL, REPOZE AN PÈ…

Sòti Tigwav, pase Bèlè pou rive Tomasen, Liliane te make pasaj li tout kote paske l te gen yon ideyal. Ale nan prizon, imilye epi fòse kite peyi a; malgre tout sa oksidan te ofri l apre rejim diktati a, li te deside tounen lakay.
Tounen lakay paske l te reve yon lòt Ayiti, sa li pa gentan wè malgre li goumen anpil pou sa.

Yon seremoni ekimenik pou yon dènye akolad, souvni yo ap rete.
Lili ale trankil, travay la ap kontinye !!

Habacuc Paul

3 Comments

  1. Great read! The author’s insights were very valuable. I’m looking forward to hearing what others think about this topic. Feel free to check out my profile for more discussions.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *