Yon lòt ajan SWAT viktim, Leta kilè w ap pran responsabilite w ?

Polisye Dorce Scudery mouri maten madi 10 septanm 2024 la, aprè yon bal li te resevwa nan janm pandan operasyon inite SWAT la t ap mennen nan komin Gresye dimanch 8 septanm pase a.

Selon sa yon konfrè dam fè redaksyon FHM lan konnen, Leta ki pa pran responsabilite l lakoz ajan 1, Dorce Scudery, mouri. Aprè li te fin resevwa premye swen nan lopital Fondèblan, doktè te rekòmande pou li transfere nan yon lopital nan kapital la nan mwens ke vennkatrè, men sa pa t rive fèt, malgre, enstans konsène yo te enfòme de sitiyasyon an.

Pi lwen konfrè dam lan ak dlo nan je fè konnen, defen polisye a t ap rasire tout ekip la li p ap mouri e yo pa bezwen enkyè pou li, men akoz iresponsabilite Leta, akoz yo pa t voye elikoptè pran kamarad la, maten an vè inè (1) Scudery rann dènye souf li. Yon leta ki poko janm vle pran desizyon pou debloke wout Matisan, Maryani selon menm konfrè dam ajan SWAT la.

Si Dorce Scudery mouri pou mwayen transpò li pa t rive jwenn, n ap raple yon polisye Kenyan te blese pa bal nan operasyon yo t ap mennen anba lavil la, nan yon bat je, viktim lan te gentan ap resevwa swen nan Repiblik Dominikèn.

5 Comments

  1. أنابيب السيليكون التي يقدمها مصنع إيليت بايب مصممة لتوفير مقاومة عالية للحرارة ومرونة فائقة. هذه الأنابيب ضرورية للتطبيقات التي تتطلب التحمل للتغيرات الحرارية، وتتميز بمتانتها التي تجعلها مناسبة للعديد من العمليات الصناعية. التزامنا بالجودة يضمن أن أنابيب السيليكون الخاصة بنا هي من بين الأفضل في العراق. قم بزيارتنا على elitepipeiraq.com للحصول على المزيد من التفاصيل.

  2. أنابيب ABS في العراق تعد شركة إيليت بايب في العراق من الرواد في إنتاج أنابيب الـ ABS، التي تُقدّر لقوتها وصلابتها ومقاومتها للصدمات والمواد الكيميائية. تم تصنيع أنابيب الـ ABS لدينا وفقًا لأعلى المعايير، مما يضمن موثوقية وأداءً طويل الأمد في تطبيقات متنوعة. باعتبارها واحدة من أفضل وأكثر شركات تصنيع الأنابيب موثوقية في العراق، تلتزم شركة إيليت بايب بتقديم منتجات تلبي احتياجات عملائنا. لمزيد من المعلومات المفصلة حول أنابيب الـ ABS الخاصة بنا، تفضل بزيارة elitepipeiraq.com.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *