Yon men kontre pou sove lavi Matiado Vilmé

Jèn jounalis Lavwadlamerik la, Matiado Vilmé, ap soufri depi 2 lane ak yon kansè. Si nan mwa Jiyè 2024 la li te sibi operasyon e suiv plizyè seyans chimyoterapi ki te ede ka li amelyore, sa pa anpeche konsè laprès la rechite. Kounya, li ta dwe kite peyi a pou ale suiv tretman aletranje.

©️ Tcharly Coutin

Pandan mwa me an la, doktè rekòmande Matiado yon tretman “radyoterapi” ke li pa ka suiv an Ayiti paske maladi a kòmanse atake zo li. Pou sa konsè laprès la lanse yon apèl èd finansyè an ijans pou ede l kite peyi a. Konsa, l ap kapab resevwa swen ke ka li nesite. Pou sa a travè yon lyen GoFundMe sa a, ou ka ede l sove lavi l.

N ap raple, nan mwa desann ane pase, li te pami jounalis bandi te atake nan lopital jeneral la. Li te pote èd e sove lavi anpil nan konfrè ak konsè laprès ki te twouve yo nan difikilte. Li pa t sispann jwenn anpil felisitasyon sou tout rezo sosyal yo. Nan menm lide sa, nou kapab pote kole pou n ede l sove lavi l.

Lòt fason sitwayen de bòn volonte isit kou aletranje ka sipòte jèn jounalis 35 lane a, se a travè yon kont Mon Cash ki disponib sou non Johnny Fils- Aimé, nimewo a se +509 39 26 4176.

3 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *