Plizyè sous nan enstitisyon lapolis la demanti enfòmasyon ki t ap sikile sou rezo sosyal yo ki te fè kwè 10 jèn fanm nan 36zyèm pwomosyon Polis Nasyonal la te tonbe ansent pandan fòmasyon yo nan akademi an. Daprè enfòmasyon redaksyon nou jwenn, okenn aspiran pa t revoke pou rezon sa a.


Plizyè sous ki fè pati PNH, ki pale ak redaksyon nou, demanti enfòmasyon ki t ap sikile dènyèman sou rezo sosyal yo ki te fè kwè 10 jèn fanm aspiran polisye nan 36zyèm pwomosyon an te tonbe ansent pandan peryòd fòmasyon yo nan Akademi Nasyonal Lapolis la.
Daprè sous sa yo, te gen kèk sispisyon sou kèk aspiran apre premye evalyasyon medikal yo te fè nan laboratwa akademi an. Sepandan, jèn fanm ki te konsène yo te konteste rezilta sa yo, pandan yo te fè konnen yo pa t ansent.
Pou evite nenpòt dout sou dosye a, responsab lekòl lapolis la te deside fè yon dezyèm seri tès nan yon laboratwa ekstèn. Rezilta final yo te konfime ke pa t gen okenn ka gwosès pami aspiran yo. Konsa, okenn jèn fanm pa t ekspilse de fòmasyon an pou rezon gwosès.
Malgre sa, 36zyèm pwomosyon an, ki pote non “Endijèn”, pa t rive gradye ak tout moun ki te kòmanse fòmasyon an. Sou yon gwoup 1 200 aspiran ki te antre nan akademi an, gen uit (8) ki pa t rive nan fen pwogram nan.
Selon sous nou yo, pami uit sa yo te genyen de (2) jèn fanm. Youn te kite fòmasyon an apre yon dosye ki te enplike Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), tandiske lòt la te abandone depi nan premye semèn oryantasyon an.
Lòt ka yo ta gen rapò ak pwoblèm sante, rezilta akademik ki pa t satisfè egzijans yo, ansanm ak kèk lòt dosye administratif ak disiplinè ki pa t rann piblik. Finalman, se 1 192 aspiran ki te rive gradye epi prete sèman vandredi 29 me 2026 la.
Klas “Endijèn” lan te antre nan akademi an 8 fevriye 2026 pase a. Nouvo polisye sa yo vin ranfòse efèktif PNH la nan yon moman kote ensekirite a kontinye ap afekte plizyè rejyon nan peyi a, malgre plizyè operasyon ak anons otorite yo sou rekiperasyon kèk teritwa.
FHM


