Pè Patricio Alfredo Sánchez Molinari, C.Ss.R., mouri samdi 17 oktòb 2026 la, pandan li t ap selebre lamès 7è aswè nan pawas Pèpetyèl Sekou, nan vil Guayaquil, peyi Ekwatè.


Pè Patricio Alfredo Sánchez Molinari, C.Ss.R., mouri samdi 17 oktòb 2026 la, pandan li t ap selebre lamès 7è nan aswè nan pawas Pèpetyèl Sekou, nan vil Guayaquil, peyi Ekwatè.
Prèt redanmtoris la pèdi lavi l nan yon aksidan trajik, lè kwa ki te sou lotèl legliz la tonbe sou li. Lanmò li pote anpil lapenn nan mitan fidèl legliz la ansanm ak tout kominote redanmtoris la.
Nan yon nòt, pwovens Andino-Caribeyen kongregasyon redanmtoris la prezante defen an kòm yon misyonè ki te devwe nan sèvis Kris la, yon prèt ki te kontinye akonpli misyon li jouk nan dènye souf li, pandan l ap sèvi Granmèt la.
Pè Patricio Sánchez te fè premye pwofesyon relijye li nan dat 15 out 2000, anvan li te resevwa òdinasyon prèt li nan dat 15 oktòb 2005. Li te gen 52 lane. Lanmò li rive kèk jou apre li te fin make 21yèm anivèsè òdinasyon prèt li.
Nan sikonstans trajik sa a, Focus Haïti Média prezante senpati li bay tout manm kongregasyon redanmtoris la atravè mond lan, espesyalman prèt redanmtoris ayisyen yo.
FHM

Se yon pèt siyifikatif* pou kominote relijyez la, espesyalman pou kominote redanmtoris la. Kindoleyans ak senpati ak tout pwòch ki touche pa dram sa a pandan n ap swete sa ki pase a va sèvi pou pote plis atansyon ak enfrastrikti legliz yo.