Gen yon chanjman enpòtan ki fèt nan mayo seleksyon nasyonal la anvan kòmansman Koup di Mond lan. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, FIFA ta mande konpayi SAETA, ki responsab ekipman Grenadye yo, pou retire imaj Batay Vètyè a ki te parèt sou mayo a pandan dènye etap verifikasyon yo.


Gen yon chanjman enpòtan ki fèt nan mayo seleksyon nasyonal ayisyèn nan anvan kòmansman Koup di Mond lan. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, FIFA te mande konpayi SAETA, ki responsab ekipman Grenadye yo, pou retire imaj Batay Vètyè a ki te parèt sou mayo a pandan dènye etap verifikasyon yo.
Selon FIFA, desen sa a te kapab bay divès entèpretasyon ki pa ann amoni ak prensip netralite ak règleman òganizasyon an pou konpetisyon entènasyonal yo.
SAETA fè konnen li respekte desizyon an epi li deja pote tout modifikasyon ki nesesè yo pou mayo yo konfòm ak egzijans FIFA yo. Konpayi an presize tou ke entegasyon imaj Batay Vètyè a pa t gen okenn objektif politik, men se te yon fason pou mete an valè yon moman istorik enpòtan nan patrimwàn ayisyen an.
Nouvo vèsyon mayo yo deja pare pou itilize pandan patisipasyon Grenadye yo nan Koup di Mond lan.


